Etidyan Ayisyen aletranje
Yon "etidyan entènasyonal" se yon "moun ki boukle omwen etid Segondè l nan peyi l epi ki al kontinye etid Siperyè l oswa inivèsitè l nan yon lòt peyi. Pou sa ka posib, otorite peyi k ap akeyi l la ba li yon viza ki rele “viza etidyan”; sa ki pèmèt nou idantifye moun ki deplase a kòm yon “etidyan entènasyonal”. Donk, se you moun ki travèse” fwontyè peyi l (anlè nan avyon, sou lanmè nan bato, oswa atè) pou l ale etidye nan inivèsite ouswa sant rechèch nan yon peyi etranje gras ak yon “viza etidyan” anbasad peyi sa a ba li. Daprè “Òganizasyon Nasyon Zini Pou Ledikasyon, Lasyans ak Lakilti” ki gen pou non ofisyèl li “UNESCO”, gen 6,4 milyon “etidyan entènasyonal” nan mond an 2023, yon ogmantasyon 32% parapò ak 2018. Li posib pou gen 9 milyon nan lane 2025 daprè sa espesyalis Stéphan Vincent-Lancrin te prevwa depi lane 2008.
Sou 6,4 milyon etidyan entènasyonal ki gaye sou latè, 12 662 oswa 0,2% ladan yo se Ayisyen. Gras ak entènèt ki pèmèt enfòmasyon sikile tribò-babò, pi plis moun vin gen aksè ak opòtinite lòt peyi ofri ; sa fè gen plis etidyan Ayisyen ki pwofite pou al kontinye etid yo nan lòt peyi nan nivo lisans, metriz oswa doktora. Nan ka Ayiti a, nou dwe rekonèt tou al etidye aletranje se mwayen pou anpil jèn Ayisyen kouri kite peyi a pou sove tèt yo akoz ensekirite ak enstabilite.
Men 10 peyi kote nou jwenn plis “etidyan entènasyonal Ayisyen” :
-
Repiblik dominikèn : 5664
-
Lafrans : 4440
-
Etazini : 1143
-
Brezil: 1083
-
Ajantin : 738
-
Chili : 552
-
Kanada : 405
-
Itali : 189
-
Kiba : 131
-
Mawòk : 108
Sous : Enstiti Estatistik UNESCO (UIS)